English transation below

M pa gen cheve

Cheve m kannèl

Cheve m pa bèl

M toujou tande moun ap di

Yo di si cheve m te bat anba dèyè

M t ap telman fyè

Se tèt anlè m tap mache

Eske sa vle di m oblije rete tèt bese

Eske m oblije chanje

Eske fò m rayi moun mwen ye

Paske gen moun ki panse m te ka mye

Cheve swa se bote

Yo toujou di

Lè l lage sou do w, li leve figi w

Kiyes ki pa anvi bèl

Ki pa ta anvi moun di l bèl 

Se pèmanant ki kle

Pase cheve ka ede

Pou yon ti tan

W ap jwenn moun fè w konpliman

Konbyen tan sa te pran

Pou m konprann

M wont avwe

Konbyen ane k pase

Nan reve, nan priye

Nan refize wè bote

Kote standa sa pa t ye

Tip cheve m se 4C

Li pa fasil pou jere

Li gen pèsonalite l

Tip 4C, yo klasifye l

Men li plis pase yon etikèt

Se yon deklarasyon endividyalite

Yon selebrasyon divèsite

Chak branch rakonte yon istwa,

Tout batay, tout viktwa

Cheve m se senbòl fyète m

Se refleksyon bote ki anndan m

My hair

In the reflection staring back at me

I see the tapestry of my identity

Woven in the strands of my hair

My hair is cinnamon,

Layers of depth and complexity

With its own untamed personality

It coils tightly, a dense mass of defiance,

Resolute in its refusal to conform or comply

Each coil a thread of resilience

Weaving a fil d’Ariane

Leading back to me

To the essence of my strength and beauty

My 4C hair, it speaks volumes

Echoes of resilience and unyielding strength

Defying gravity with every coil

A testament to my indomitable spirit

Each coil tells a story

Of battles fought and victories won

More than mere strands upon my head

My hair is a symbol of my unapologetic blackness

So I embrace what’s truly mine

Let them talk, those who fail to understand

For my hair, my crown, stands tall and free

A reflection of the beauty within me


Discover more from Bold and Mighty

Subscribe to get the latest posts to your email.

2 responses to “M pa gen cheve”

  1. very nice.

    Like

    1. Magdalee Brunache Avatar
      Magdalee Brunache

      Thank you!

      Like

Leave a comment

This site uses Akismet to reduce spam. Learn how your comment data is processed.

Trending